HAITI/UNIVERSITE : LETTRE OUVERTE AU PRESIDENT MICHEL MARTELLY (LET
TOU LOUVRI)... ! Lèt tou louvri Soti nan men : Inivèsitè nan UEH la Pou
rive jwenn : Prezidan Repiblik la Objektif : Mande respekte UEH la par
James Beltis, samedi 25 février 2012, 09:07 •
Mouche Joseph Michel Martelly, Prezidan Repiblik dAyiti, Nan biwo w yo.-
Se avèk machwè nou gonfle epi gwo kout san n ap ekri w lèt sa a,
poutèt sa, n ap fè kòmsi nou bliye latriye prensip bon levasyon ak lizay
yo, nou p ap menm wete chapo nou pou salye travay w ap fè nan tèt peyi
a depi 14 me 2011 la, jou w te sèmante ak men w sou konstitisyon 1987
la andidan palman ayisyen an, youn nan potomitan demokrasi n ap eseye
tabli pa bò isit la depi kèk lane. Epitou, èske jan w ap mennen bak
peyi a la a merite pou nou wete chapo nou devan w ?
Nou se yon gwoup etidyan, pwofesè, manm pèsonèl-fanm ak gason- nan
Inivèsite leta k ap gade ak anpil enterè epi gwo kè sote, pakèt ajisman
sispèk ou yo nan tèt peyi a. Konsa, se dènye briganday ou sot fè an
chango anndan lokal youn nan fakilte Inivèsite leta a, ki blije nou fè
yon ti kanpe sou gad ale w la, pou nou kase de koze ak ou. Lèt sa a,
mouche prezidan, se pou nou di w rapidman wout ou sanble ap fè peyi a
pran nan moman n ap pale la a mete kè nou sou biskèt. Menm jan ak yon
pakèt lòt moun nan divès sektè nan peyi a, n ap mande tèt nou eske se
pa lolo w ap lolo sosyete a pou al lage li nan yon rejim boutdi pi
devan, kote se senpman ou menm ak kolonn ou k ap gen lavwa ochapit ?
San nou pa vle prese mete etikèt sou konpòtman sispèk ou menm ak kolonn
ou yo pa sispann genyen depi w fin pran direksyon palè nasyonal la kòm
prezidan, n ap fè w konnen se senpman lènmi piblik demokrasi ki konn
pran chans pa danse kole ak respè pou enstitisyon ak valè demokratik yo
nan yon peyi ki fè chwa rejim politik demokratik la. (Article 34 de la
Constitution : Hormis les cas de flagrant délit, l’enceinte des
établissements d’enseignement est inviolable. Aucune force de l’ordre ne
peut y pénétrer qu’en accord avec la Direction desdits
établissements.)
Ak lèt sa a nou ap pwofite fè w konnen jan nou estomake epi fache
anpil lè nou gade mòd ajisman ou menm ak kolonn ou yo te genyen fas ak
Inivèsite leta a jou ki te vandredi 17 fevriye 2012 la, kote ou pase
chifonnen imaj ak prestij sèl grenn inivèsite piblik peyi a genyen daprè
konstitisyon an san pyès siy respè pou diyite ak lavi tout moun ki
ladann yo jan w bay tèt ou abitid fè sa depi koumansman manda w la avèk
yon latriye lòt sektè ak enstitisyon demokratik nan peyi a. Zak
brigangay sa a, Mouche Prezidan, ou fè ansanm ak baz ou yo nan Fakilte
ak biwo etnoloji a sanble kou 2 gout dlo ak yon lòt zak maspinay konsa
ki te fèt sou yon lòt antite nan inivèsite leta a nan lane 2003 sou zòd
lènmi demokrasi ki t ap dirije peyi a nan epòk sa a.
Pou w kapab konprann ajisman tèt chaje w la Mouche Prezidan, kite nou rakonte dewoulman briganday la :
« Nan laprè midi jounen vandredi 17 fevriye a, Mouche Joseph Michel
Martelly, Prezidan peyi a, sot nan yon aktivite nan komin Petyon vil,
aprè aktivite sila, li desann sou komin pòtoprens nan yon bann madigra
ansanm ak yon foul patizan li. Pandan l ap desann lan, li voye yon
machin sekirite l al anonse etidyan nan Fakilte Etnoloji l ap pase kote
yo. Etidyan yo di sekirite prezidan an ki te nan machin nan yo p ap
kontre ak prezidan an. Lè prezidan rive douvan fakilte a li jwenn
etidyan yo kanpe sou de pye yo pou pa kite l antre nan lakou fakilte a.
Foul fanatik ki te ak li yo kalonnen etidyan yo ak kout wòch. Etidyan
yo reponn. Sekirite palè nasyonal yo menm dechaje zam ki te nan men yo a
anlè ak sou batiman fakilte a. Etidyan yo pran lyann pou yo. Se nan
moman perèz ak panik sa a ekip bandi/zèfèyis/azipopo ki t ap danse nan
bann ak Prezidan an, pwofite pandan gwo kout zam t ap tire sou fakilte
a, pou pase alaksyon. Bilan vizit Prezidan an : lapolis arete 3 etidyan,
plizyè nan yo pran souflèt kout pwen kout pye, plis pase yon dizèn
etidyan blese anba kout wòch ak tout kalite zouti bann Prezidan te gen
nan men yo. Sal lekti fakilte a tankou yon kote siklòn te pase, vit
fenèt ak pòt an vit tonbe anba bal, vit yon dizèn machin ki te sou lakou
a kraze, fasad fakilte a plen tou bal. Biwo etnoloji ki kole kole ak
fakilte a sakaje ata lantiraj li zèfèyis prezidan yo lage sa plat atè. »
Dènye grenn briganday sa ki kite yon lis sèt longè viktim nan
Inivèsite leta a fè n ap mande èske ou gen tout kontwòl tèt ou Mouche
prezidan ? Ki enterè ou genyen nan mòd ajisman sa a fas k sèl
enstitisyon ansèyman siperyè leta peyi a genyen an daprè konstitisyon
1987 la ? (Atik 20). Èske w konnen fonksyon prezidan w ap jwi a blije w
respekte tèt ou tout bon vre, respekte lòt moun ak tout enstitisyon ki
nan peyi a lè w ap aji ? Nan moman ou lanse atak sa a kont Fakilte
etnoloji a gran jounen sou channmas la Mouche Prezidan, te gen yon kòlòk
ki t ap fèt sou koze Etnoloji nan lokal fakilte a, bri bal ak lòt
britalite bann madigra w la kraze aktivite a. Menm bri bal sa yo kraze
yon deba ki t ap fèt nan Fakilte Syanzimèn sou devlopman peyi a akoz
moun ki t ap swiv deba sila te pran gwo panik. N ap mande ou èske sa
konn rive pou w reflechi sou kontribisyon Inivèsite piblik gen pou l bay
nan tout projè avansman tout bon peyi a ? Eske se mòd lòbèy eskonbrit
sa yo ki kache dèyè koze Ayiti dekole w ap klewonnen chak jou a oubyen
se yon etap nan pwogram lekol gratis ou a ki blije ou koumanse fè tire
sou Inivèsite leta a epi maspinen moun ak materyèl ki genyen ladan l ?
Nou voye lèt sa ba w Mouche Prezidan, paske nou pa vle kontinye di
menm jan ak anpil lòt moun k ap obsève depi w rive sou pouvwa : « sa pa
etone nou pyès, paske se ou menm ki prezidan peyi a ! » Men kòm moun k
ap fè inivèsite nan peyi a, epitou ki konsyan sou kijan derapaj tikal
pa tikal w ap plede fè nan chifonnen respè prèske tout enstitisyon
demokratik yo kapab lage peyi a nan tchouboum, nou pa ka bay tèt nou
alèz sa a nan kite w vale teren rejim boutdi a. Paske listwa jan fenomèn
nazism lan te koumanse nan peyi Lalmay aprann nou, gen yon seri jwif
ki te jwenn posiblite pou yo kite Almay, yo pa t fè sa, gen yon seri
lòt ki te ka angaje yo nan yon veritab batay kont fenomèn nan epi
patisipe nan tout lòt fòm rezistans posib, yo pa t fè sa nonplis ;
anpil ladan yo te prefere di, sa yo wè la pa imajinab. Menm lè sistèm
nan te koumanse ap pran gwo vitès tout bon, anpil moun te prefere di
bagay sa pa ka dire ni li pa ka al lwen paske li pa jis ; anpil ladan
yo te konn di Adolphe Hitler se yon nonm malad ki pèdi tèt li epi ki pa
ka fè plis pase sa l ap fè la. Poutan nou tout konn kijan bagay sa te
fini.
Se poutèt sa menm, Mouche Prezidan larepiblik, n ap fè w konnen ou pa
sispann ban nou gwo kè sote sou avni peyi a ak avni demokrasi n ap
eseye tabli ladan li a, chak fwa nou wè se sèlman resous sweet micky w
yo ou mobilize pou w dirije peyi a. Konsa ou soti menm pou w avili
fonksyon prezidans lan, nan jan w ap jere peyi a tankou bèt kat pat ki
pran nan tinè. Lè n ap gade kouman depi w rive nan tèt leta w ap goumen
pi mal pase kòk gagè ak lòt enstitisyon yo pou w kraze yo oubyen mete
yo sou dikte w, paske yo sanble jennen w nan pwojè mabyal kache ou gen
lè genyen pou peyi a. Nan mwens pase yon lane Prezidan, ou deja pete
eskonbrit kriz tout kalte ak laprès, primati, palman, Inivèsite leta a,
menm ak lòt peyi etranje nan pale ak aji kòm si se te epòk ou t ap fè
lòbèy sou cha kanaval yo. Nou pa envante sa n ap di la yo, yon senp ti
rapèl sou 9 mwa ou deja fè nan manda 5 lane w la ap moutre jouk nan ki
pwen ajisman w yo ap met apsè sou klou pwojè demokrasi n ap eseye tabli
depi kèk lane a ye :
Pou sa ki gen pou wè ak près la :
1- Lendi 3 oktòb 2011, nan kad yon pwen près w ap bay nan Taba, ou
menase yon jounalis, ou di l ou ka menm joure manman l, paske l poze w
yon kesyon ou pa renmen. Plizyè asosyasyon pres ekri w sou kesyon an, ou
pa pete nan koton ba yo santi.
2- Nan kad yon lòt konferans ou t ap bay nan ayopò entènasyonal,
Toussaint Louverture a, ou tchwipe yon jounalis paske li poze w yon
kesyon ou pa t renmen.
Pou sa ki gen pou wè ak Palman :
1- 12 oktòb 2011, nan kad yon reyinyon ou te gen ak majorite depite
yo epi kèk lòt gwo pèsonalite politik nan palè nasyonal la, ou lanse gwo
grenn mo sal epi simen kou sou plizyè nan depite yo prensipalman Arnel
Belizaire, depite Delma ak Taba. Aprè sa ou deside fòk ou arete depite
a pou w montre l se ou ki chèf.
2- 27 oktòb 2011 ou itilize fòs ponyèt ou dèyè do pouvwa konstitisyon
an ba w yo, ou fè arete depite a san palman an pa leve iminite l jan
atik 115 konstitisyon an mande sa. Bagay sa lage plizyè enstitisyon peyi
a tankou : lajistis, lapolis, laprimati, paleman ak yon bann ministè
nan yon gwo katchouboumbe. Kote yon minis blije demisyone nan pòs li,
yon mannyè pou kase fèy kouvri sa k pase a, malgre tout moun te konnen
byen se ou te ki bay lòd arestasyon an.
Pou sa ki gen pou wè ak Laprimati :
1- Premye fevriye 2012, ou debake san envitasyon lakay premye minis
lan ki t ap òganize yon reyinyon travay prive ak kèk palmantè, ou fè
dega kraze mèb, di gwo mo sal, fè sekirite w tire bal anlè elatriye.
2- Devan eskalad eskonbrit tèt chaje sa yo Prezidan asanble nasyonal
la oblije ekri w yon lèt tou louvri pou raple w ou gen obligasyon pou
respekte pwotokòl ak prestij fonksyon prezidan an genyen epi fè w konnen
yon dirijan leta nan yon peyi kou Ayiti pa kapab toujou kanpe sou fè
lòbèj, li menm mande w fè eskiz plat devan asanble senatè yo ak palman
an jeneral paske ou te detrese bò tèt yo nan reyinyon kay premye minis
la.
Pou sa ki gen pou wè ak Inivèsite Leta :
1- Fen desanm 2011,ou debake san twonpèt ni klaksòn nan Fakilte
Etnoloji san okenn pwotokòl, ni rektè ni dwayen pa konnen, pou al reyini
ofisyèlman sou kisa ak poukisa, ansanm ak yon ti gwoup okenn moun pa
ka idantifye.
2- 17 fevriye 2012 nan laprè midi ou debake nan estil pa w ak yon
bann madigra nan menm fakilte sa, san pyès moun pa konn motif debakman
brital ou a, ou kite plizyè viktim ak dega materyèl dèyè w. Epi sa w
tande a, biwo kominikasyon w monte radyo pou l al rakonte pawol san pye
ni tèt sou deblozay ou fin fè nan lokal fakilte a kòmsi ou ta yon
viktim.
Se pa lòt evenman briganday ki pa genyen toujou, nou deside kanpe la
pou n pa pèdi twòp tan avè w Mouche Prezidan. Paske nou te kapab site
yon bann deklarasyon prèske san pye san tèt ki menm sanble iresponsab,
ou lage nan zòrèy « pèp la » depi w ap koupe rache nan palè nasyonal la.
- Oubyen tou nou te kapab pran envitasyon ou te bay diktatè Jean
Claude Duvalier lajistis ap pouswiv la, pou l vin patisipe nan yon
seremoni ofisyèl kote ou t ap rann omaj bay yon latriye moun ki nan yon
sans oubyen yon lòt te viktim politik tikoulout ak sanginè li t ap
mennen lè li te nan tèt peyi a.
Oubyen nou ta pran dènye kouri ou lage nan peyi Bahamas nan jou pase
yo oubyen koze ou sot di sou peyi Curaçao yo ki blije otorite peyi sa a
mande w piblikman w pou fè eskiz prese prese a.
Mouche prezidan, si nou al li atik nan konstitisyon an ki pale sou
misyon w epi nou ta konpare l ak sa w ap regle nan tèt peyi a, w ap
panse se rayi nou rayi w, paske nan atik 133, 135-1 ak 136, se ou menm
yo bay misyon veye sou enstitisyon peyi a epi respekte ak fè respekte
lalwa. Nou menm ap mande èske janm gen yon prezidan, depi peyi a sou rèy
konstitisyon 1987 la, ki vyole lalwa tankou w deja fè sa nan sèlman 9
mwa epi atake enstitisyon peyi a jan w ap fè li la nan tikras tan sa
a ? Nou pa menm di w anyen sou koze kilt pèsonalite konstitisyon an pa
dakò a, ki poutan sanble yon eleman esansyèl nan pwogram dekole Ayiti w
la.
Men Mouche Prezidan, deblozay ou fè ak bann ou yo nan Fakilte ak Biwo
etnoloji a 17 fevriye ki sot pase a, twò sanble avèk egzaksyon makout
ak fanatik Duvalier yo te konn fè sou Inivèsite a ak moun k ap frekante
l yo nan tan pase yo ; yo twò sanble ak debakman ansyen militè zago
loray yo te konn fè ansanm ak atache, FRAPH elatriye nan Lekòl nòmal
siperyè, Fakilte dèsyans ak lòt antite nan Inivèsite leta a nan epòk
koudeta militè yo, zak briganday ou a prezidan gen twòp resanblans avèk
zak maspinay ouvriye represyon Aristide yo te fè sou etidyan Fakilte
syanzimèn yo 5 desanm 2003 a…zak pa w yo twò sanble avèk zak nou sot
site la yo pou nou pa ta di w fè yon kanpe. Swiv konsèy sa a Prezidan :
Inivèsite leta an antye, p ap aksepte sa nan men w. Pyès moun nan
Inivèsite a, pou kelkeswa rezon an p ap aksepte kite w pase otonomi ak
endepandans Inivèsite a anba pye w jan w ap fè li la a pou yon latriye
enstitisyon nan peyi a.
N ap di w klèman prezidan, tout espas kote Inivèsite a ye pa gen dwa
vyole, pou kelkeswa pretèks la, konstitisyon 1987 la menm rekonèt sa,
fè tout sa w konnen pou mòd deblozay sa yo pa repete. Poze moun ki nan
antouraj ou kesyon, mande sila yo ki konn kichòy sou koze inivèsite,
èske moun k ap fonksyone nan jan de enstitisyon sa yo ki pa nan mache
tèt bese ap janm aksepte pou w chifonnen imaj, diyite ak kò yo jan w ap
mache fè sa nan tout rakwen nan peyi a ? Si veritab pwojè w se pa mete
tout peyi a ajenou epi fè li kase tèt tounen sou wout demokrasi a pou l
al refè eksperyans rejim bout di yo ankò, li poko twò ta non pou w
pran fòm kò w Prezidan. Epi si tout bon vre se chwa pa w pou drive tout
enstitisyon demokratik peyi a nan labou deblozay lòbèy, Mouche
Prezidan, prepare w pou fè sa nan simen dlo nan je pèp la. Paske nou
menm moun sila yo ki siyen lèt sa a prezidan nou p ap aksepte sa nan
men w non ! N ap batay ak ou avèk tout Minista ou konte sou li a, jouk
ou fè bak sou pwojè makaw sa a. Nou espere ou pa bliye listwa peyi sa
montre aklè, pèp ayisyen an fè chwa pou li viv lib san li pa sèvi pyès
gran mouche ak madanm ki konprann se yo ki mèt ak metrès bout tè sa a
ak tout sa ki ladan l. Malgre jan w ta wè dezespwa lage pèp la nan lari
a Prezidan, piga w al kwè li pa konprann anyen nan anyen tande, ni tou
piga w panse pwopagann ak vyolans tout kalte ou kapab imajine, ap fè
yo rete tèt bese douvan pouvwa abitrè, kòwonpi ak vyolan ou kapab gen
anvi met sou pye a. Dayè gen moun ki te gen plis posiblite nan sans sa
yo pase w Prezidan ki te blije bat ba sou mòd pwojè sa yo. Se poutèt
sa, mouche prezidan, nou menm inivèsitè Ayisyen ki ekri w lèt sa a, nou
p ap dakò ou vin voye zago tankou chwal mèt bitasyon nan sèl
enstitisyon ansèyman siperyè peyi a genyen. Si jounen jodi a, apre chak
betiz ou fè anndan yon enstitisyon, moun k ap frekante ensitisyon sa a
ak rès sosyete a kase fèy kouvri sa paske y ap sèvi w tankou ti moun
piti oubyen paske yo pè w oubyen tou paske yo pèdi tout kapasite pou yo
endinye, nou menm nan Inivèsite Leta Ayisyen an p ap bwè remèd chwal sa
a. Se pa paske nou plen ògèy oubyen paske grenn nou plen men nou, men
se paske nou konnen ki kalite defi peyi a gen pou l leve kidonk ak ki
kalite angajman ak serye yon moun oubyen yon gwoup k ap dirije peyi a
dwe aji.
Lizay pou ou Mouche prezidan larepiblik.
Inivèsitè ak invèsitèz ki siyen lèt sila.
James Beltis…………………………….. Nathacha Pericles………………………. Franck
Seguy…………………………… Brunache Pierre Ronsard………………. Walner Osna…………………………….
Wilson Jean-Baptiste…………………... Wilsot Louis…………………………… Nathacha
Désulmé…………………….. Jean-Bernart Jean Louis………………. Nathania
Pericles……………………… Harry Moise…………………………….
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire